Sekretè deta Hillary Clinton rejte yon apèl pèsonèl Moammar Khadafi ki mande yon fen nan kanpay ayeryen l’Otan lanse kont sòlda li yo avèk objektif pou lidè libyen an kite pouvwa a epi pati ann egzil.
Chèf diplomasi amerikèn nan –ki tap abode dosye a nan Washington mèkredi 6 avril 2011 la di msye Khadafi konnen trè byen sa l dwe fè.
Li repete Lezetazini ak L’Otan egzije pou fòs ki fidèl anvè li yo fè bak epi sispann lanse atak. La mezon blanch rekonèt Prezidan Obama resevwa tou yon lòt lèt msye Khadafi voye ba li.
Daprè lèt la --ki gen 3 paj e ke otorite yo distribiye pami jounalis yo-- lidè libyen an mande msye Obama mete fen nan yon lagè enjis k ap fèt kont yon ti pèp.