Accessibility links

Breaking News

Libi – Diplomasi: Konsèy Nasyonal Tranzisyon an Mande Dekesman Lajan Libyen Ki Jele Aletranje


Lidè rebèl yo nan Libi Mahmoud Jibril
Lidè rebèl yo nan Libi Mahmoud Jibril

Chèf Konsèy Nasyonal Tranzisyon an nan Libi, Makmoud Jabril, fè konnen sèl fason pou konsèy la reyisi, se pou kominote entènasyonal la libere tout avwa, tout lajan ak byen Libi peyi etranje te jele pandan kolonèl Kadhafi te sou pouvwa a.

Nan yon deklarasyon misye Jablil fè, li ensiste pou l di opozisyon an bezwen lajan sa a pou l peye anplwaye Leta yo epi ofri pèp la bon jan sèvis piblik. Chèf Konsèy Nasyonal Tranzisyon libyen an pale konsa pandan li te nan vil Istanboul, nan peyi Tiki, kote li te asiste yon reyinyon ki te rasanble anpil diplomat jedi 26 out 2011 la ; tèm rankont sa sete jisteman kriz k ap dewoule nan Libi a.

XS
SM
MD
LG