Gouvènman libyen an demanti nouvèl rebèl yo fè parèt pou di konbatan opozisyon an pran kontwòl vil Zlitan ki nan pati lwès Libi.
Yon pòtpawòl lidè peyi a, Moammar Gadhafi, ki t ap pale mèkredi 3 out la, di vil la toujou anba kontwòl total gouvènman an.
Depi kèk jou deja fòs rebèl yo ak fòs gouvènmantal yo twouve yo nan yon seri konfwontasyon tou prè Zlitan kote Rebèl yo ap chache konsolide pozisyon ki anba men yo.
Madi 2 out la, rebèl yo ak responsab medikal yo te di sòlda ki an favè Gadhafi yo te lanse yon kont-atak ki te touye omwen 7 konbatan opozisyon an, tandiske omwen 30 lòt te blese.