Accessibility links

Breaking News

Libi: Operasyon Final Konbatan Gouvènman Entèrimè a Kont Vil Sirte


Libi: Operasyon Final Konbatan Gouvènman Entèrimè a Kont Vil Sirte
Libi: Operasyon Final Konbatan Gouvènman Entèrimè a Kont Vil Sirte

Konbatan gouvènman enterimè a nan Libi, lanse sa yo rele yon operasyon final kont vil Sirte ki se bastyon moun ki rete fidèl ak ansyen lidè libyen an Moammar Kadhafi.

Pandansetan otorite yo pran angajman pou yo mete sou pye yon nouvo gouvènman tranzisyon apre yo finn pran kontwòl Sirte ki se yon vil kotyè stratejik.

Fòs Konsèy Nasyonal Tranzisyon an pran kontwòl nouvo teritwa ki ozalantou vil Sirte, pami yo Abou Hadi, yon ti vil ki toupre kote ansyen lidè libyen Moammar Kadhafi te pran nesans nan yon tant an 1942.

Afwontman lendi 3 oktòb la pran lavi 4 konbatan anti-Kadhafi e lakoz 39 lòt blese.

XS
SM
MD
LG