Accessibility links

Breaking News

Libète Laprès Diminye Seryezman nan Lemond Dapre yon Rapò Freedom House Pibliye

Yon kat jewografik ki montre degre libète laprès nan plizyè peyi ann Ewop. 1 a 30= libète laprès. 31 a 60= libète laprès o nivo mwayen. 61 a 100= pa gen libète laprès. Rapò Freedom House pibliye. 2 me 2019.

Freedom House ki baze Ozetazini fè konnen libète laprès bese seryezman atravè lemond e se menm bagay la pou dwa politik ak libète sivil. Freedom House se yon gwoup non-gouvenmantal.

Nan rapò anyèl li pibliye jodi mèkredi 5jen 2019 la, li fè konnen libète laprès nan lemond diminye rive nan yon pwen li potko janm rive depi plis pase 10 zan akoz kanpay sereboulon kap fèt sou medya endepandan nan peyi ak gouvènnman gwo ponyèt yo ak menas kap fèt san rete sou jounalis nan sosyete lib tradisyonèl yo.

Daprè rapò sa a toujou, libète laprès deteryore atravè lemond avèk nouvo fòm represyon ki gen move konsekans sou egzèsis travay jounalis la nan sosyete ouvè yo, menm jan ak nan eta otoritè yo.

XS
SM
MD
LG