Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ensekirite: Gangstè Libere 3 Lòt Relijye Katolik


Aprè liberasyon sa yo, 6 moun rete toujou anba men gwoup bandi ki rele tèt li 400 Mawozo, puiske anvan sa yo te libere manman Pè Jean Arnel Joseph ki, li menm, twouve li pami moun ki toujou anba men kidnapè yo.

Ann Ayiti, 3 lòt relijye Legliz Katolik sou 10 ke gangstè te kidnape sa prèske gen 2 semèn, jwenn liberasyon yo nan fen jounen jedi 22 avril 2021 an. Apre liberasyon sa yo, 6 moun rete toujou anba men gwoup bandi ki rele tèt li 400 Mawozo, puiske anvan sa yo te libere manman Pè Jean Arnel Joseph ki, li menm, twouve li pami moun ki toujou anba men kidnapè yo.

Vandredi 23 avril la, lidè ak manm legliz la priye nan tout pawas, tout dyosèz ki genyen sou teritwa nasyonal la pou mande liberasyon rès viktim yo. Se dènye nan 3 jou grèv otorite yo te deklare, kote tout lekòl, inivèsite ak enstitisyon katolik yo te sispann fonksyone pou yo pwoteste kont kidnaping 10 manm yo.

Nouvèl yo fè konnen pandan 3 jou sa yo bandi yo te kontinye opere; pami nouvo viktim kidnaping yo, gen yon notè ki rele Alex Démosthènes. Kòm reyaksyon, tout biwo note nan repiblik la fèmen pòt yo sou rekòmandasyon Asosasyon nasyonal Notè Ayisyen yo.

An palan de kriz sekirite a ann Ayiti, Joseph Domingue Orgela, kowòdonatè jeneral Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil la -ki regwoupe plizyè òganizasyon nan peyi a ak nan dyaspora a- lanse yon apèl kote li mande yon dyalòg ant diferan sektè vi nasyonal la, “san bliye kidnapè yo.” Paske, daprè li, si lapolis enpuisan pou l konbat gang yo, se yon negosyasyon ak gangstè yo ki pou rive mete fen nan kidnaping yo an patikilye e nan enskririte a an jeneral nan peyi a.

XS
SM
MD
LG