Lidè nan Sena a ak chanm dè reprezantan an Ozetazini ap prepare kèk pwojè separe pou ogmante plafon dèt federal la aprè Kongrè a ak la Mezon blanch pa reyisi jwen yon akò ke pati repibliken ak pati demokrat la apiye dimanch 24 jiyè 2011 la.
Pandan li t ap pale sou chèn televizyon Fox News, prezidan chanm dè reprezantan an, depite repibliken John Boehner, lanse apèl pou mande konfrè repibliken li yo pou yo apiye sa li rele nouvo mezi ki ka gen ladann yon ekstansyon a kou tèm plafon dèt la mete ak yon pwogram rediksyon nan depans gouvènman federal la.
Pral gen yon pwosesis ki vini ak 2 etap ladann. Li tou senpleman pa posib fizikman pou fè tout bagay sa yo yon sèl kou. Mwen fin di sa, mwen konnen prezidan an gen kè sote sou pwochen eleksyon ni an, men Bon Dye papa’m, eske nou pa ta dwe gen kè sote pou peyi a.
Mesye Boehner te di anvan sa, li pat finn si ke yo kapab jwen yon akò bi-partizan. Bò kote pa l, lidè majorite nan sena a, senatè demokrat Harry Reid vle pou genyen yon akò a lon-tèm sou plafon dèt la, ki chita sou rediksyon plizyè mil milya dola sou depans gouvènman federal la.
Pandansetan, chèf kabinè prezidansyèl lidè ameriken an , Bill Daley, di prezidan an pral poze veto l sou nenpòt pwogram dèt ki parèt ala dènyè minit ke Kongrè a ta voye ba li ; amwenske li pwolonje tan limit lajan nasyon amerikèn nan kapab mande prete jis nan ane 2013.
Mesye Daley te pran lapawòl pandan palmantè yo t ap debouye yo kou mèt Jan-Jak pou yo mete yon plan sou pye. Li pale pou l di :
"Kongrè a dwe pase l. Se responsabilite yo pou yo pwolonje plafon dèt la e nan sans pa mwen ; ala fen nou pral aji. Nou ka petét gen kèk jou avèk anpil presyon devan nou, e presyon tou pou mache mondyal la ak pèp ameriken an, men a la fen pa gen okèn kesyon nan tèt-mwen ke gouvènman ameriken an pap rete san l pa peye dèt li."
Prezidan Obama gwo demokrat nan peyi a di li vle yon pwogram rediksyon dèt ki ka retire kesyon sa a sou kalandriye a jiskaprè eleksyon jeneral 2012 yo.