Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini, Kore di Sid ak Japon ap Fè Rankont sou Pwogram Nikleyè Kore di Nò a


Asistan-Sekretè Deta ameriken pou Afè Azi Oryantal e Pasifik, Kurt Campbell, ak prensipal negosyatè Kore di Sid la, Lim Sung Nam
Asistan-Sekretè Deta ameriken pou Afè Azi Oryantal e Pasifik, Kurt Campbell, ak prensipal negosyatè Kore di Sid la, Lim Sung Nam

Lèzetazini ap fè negosyasyon nan wo-nivo avèk otorite Kore di Sid ak Japon nan Washington, madi 17 janvye 2012 la.

Obsèvatè yo atann yo aske rankont sa yo santre sitou sou mwayen pou yo relanse negosyasyon ant 6 pati ki t ap fèt sou pwogram nikleyè Kore di Nò a.

Nan chita-tande sa yo, Asistan-Sekretè Deta ameriken pou Afè Azi Oryantal e Pasifik, Kurt Campbell, ak anvwaye espesyal pou kesyon ki konsènen Kore di Nò a, Glyn Davies, ap resevwa prensipal negosyatè Kore di Sid la, Lim Sung Nam, ak kòlèg japonè li, Shinsuke Sugiyama.

Daprè sa Depatman Deta di, rankont sa yo fè pati yon seri de kontak 3 pati yo pran regilyèman, kote yo konsidere yon gwo lis kesyon rejyonal e mondyal ki enterese yo tou lè 3 –san bliye kesyon ki konsène peyi Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG