Yon otorite wo plase nan La Mezon Blanch fè konnen Washington deside koupe 800 milyon dola sou asistans militè l ap bay Islamabad. Chèf pèsonèl Mezon Blanch la, William Delay -ki t ap bay chèn televizyon ABC yon entèvyou dimanch 10 jiyè 2011 la- deklare relasyon ant Lèzetazini ak Pakistan vin trè difisil e menm konplike.
Misye Delay di :
“Li klè Pakistanè yo te alye nou nan lit kont teworism nan. Yo te viktim yon gwo kantite zak teworis. Men pou le moman yo pran kèk dispozisyon ki ban nou rezon pou n kanpe yon pati nan èd nou t ap bay lame yo a, e n ap eseye travay sou sa.
Se yon relasyon ki konplike nan yon pati nan lemond ki trè difisil e konplike. Yon lòt bagay ki klè, sèke sitèm politik la nan Pakistan ap fè fas ak gwo difikilte akoz operasyon desantdelye nou te lanse pou n te pran Bin Laden nan. Prezidan an santi se yon bon bagay nou te fè; nou pa gen okenn regrè pou sa ditou. »
Laprès site lòt otorite ameriken ki ta fè konprann Lèzetazini pran desizyon sa a kòm yon repons pou dispozisyon Pakistan pran pou l mete deyò kèk espesyalis ameriken ki t ap antrene lame pakistanèz la epi limite viza pou manm pèsonèl ameriken k ap travay nan peyi a.