Accessibility links

Breaking News

Leta Ayisyen Pap ka Kontinye Sibvansyone Pwodwi Petwolye yo


Foto Achiv: Ariel Henry pran la pawol apre kom nouvo Premye Minis Ayiti, 20 Juiye, 2021.
Foto Achiv: Ariel Henry pran la pawol apre kom nouvo Premye Minis Ayiti, 20 Juiye, 2021.

Depi kèk tan kesyon ki gen rapò ak kabiran an, an Ayiti rete nan sant diskisyon yo lefèt ke pwodwi sa a ki se machandiz transvèsal, vin ra sou mache nasyonal la.

Daprè asosyasyon distribisyon pwodwi petwolye a, pwoblèm rate kabiran nan peyi a se akòz ensekirite a ki etabli kò li sou teritwa nasyonal la, yo te di tou pafwa kòmand yo pa rive fèt a tan, konsa tou konn pa gen ase pou tout konsomatè yo.

De 2011 a 2021 vin gen plis motosiklèt ak machin sou mache a. Leta ayisyen sibvansyone pwodwi petwolye ak yon wotè de 30 milya goud, Nan yon delkarasyon premye minis Ariel Henry te di ke leta pap ka kontinye nan demach sila, "ak 30 milya goud nap sibvansyone gaz la, sa pa ka kontinye konsa. "


Leta ayisyen pèdi anviwon 13 milya goud taks sou gàz la chak ane. Ekonomis Quesner Pharel di leta gen twop chwa pa rapò ak sitiyasyon sa a, "Si leta fè chwa pou kite li jan li ye a, lap pèdi 30 milya goud ki lakoz leta pèdi 13 milya goud, ak anplis lajan li peye pou sibvansyone gaz la".

Jacques Anderson Desroches ki se pòt pawòl kowalisyon sendika transpò ankomen, fòs sendikal pou sove ayiti (FOSSA),fè konnen akoz non respè lwa 9 Mas 1995 la ki te etabli ke leta pa janm respekte, kounya li pa dwe itilize li poul ogmante pri kabiran an sou mache nasyonal la.

Daprè ekonomis yo, si leta ogmante pri pwodwi petwolye yo ann Ayiti,sa pral gen konsekans nefas sou fonksyònman sosyete ayisyèn nan, ki depi plizyè lane, konnen dè moman trè difisil sou plan sosyo politik ak ekonomik.

XS
SM
MD
LG