Accessibility links

Breaking News

G9 Ap Kite Gaz Koule ann Ayiti - Men Pou Yon Semèn Sèlman


Yon kamyon distribusyon raz ranpli tank li nan Varreux nan Potoprens, Ayiti, 12 Nov. 2021.
Yon kamyon distribusyon raz ranpli tank li nan Varreux nan Potoprens, Ayiti, 12 Nov. 2021.

Lidè gang G9 la, Jimmy Cherizier deklare lap leve blokaj sou livrezon petwol ki lakoz gwo tèt chaje pou lopital yo, stasyon gaz yo e menm livrezon dlo potab toupatou nan kapital la.

Cherizier, ke moun konnen kom "Barbecue" bay yon konferans pou laprès Vandredi apremidi kote li anonse yon trèv 7 jou kap pèmèt lopital, lekol ak stasyon gaz yo voye kamyon nan stasyon gaz ki sitye nan po a.

Sepandan, Cherizier deklare trèv sa a se yon trèv pwovizwa li ye. Misye lanse yon lot apèl pou Premye Minis Ariel Henry bay demisyonn. Li akize Henry dèske li ta mele nan asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Yvon Vilnius kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG