Accessibility links

Breaking News

Lese-Frape nan Ejip fè 2 Mò


Yon videyo ki parèt nan televizyon montre sòlda k ap bat manifestan fanm, kenbe yo nan cheve pou trennen yo, e kèk fwa, wete rad yo
Yon videyo ki parèt nan televizyon montre sòlda k ap bat manifestan fanm, kenbe yo nan cheve pou trennen yo, e kèk fwa, wete rad yo

Fòs sekirite ejipsyen yo antre nan lese-frape ak manifestan ki t ap voye wòch sou plas Tahrir nan vil Ker.

Otorite medikal yo fè konnen 2 moun pou pi piti pèdi lavi yo apre fòs sekirite te lanse yon nouvo aso sou plas la. Sa vinn fè bilan moun ki mouri yo monte rive nan omwen 14 nan yon boulvès ki la a depi 5 jou a.

Plizyè milye Ejipsyen rasanble pou yo pwoteste kont jan fòs sekirite yo trete fanm. Yon videyo ki parèt nan televizyon montre sòlda k ap bat manifestan fanm, kenbe yo nan cheve pou trennen yo, e kèk fwa, wete rad yo.

XS
SM
MD
LG