Accessibility links

Breaking News

Lese Frape ant Fòs Yemen ak Militan Islamis yo


(AP Photo/Hani Mohammed)
(AP Photo/Hani Mohammed)

Fòs Yemen yo antre nan lese-frape avèk militan islamis yo nan vil Zinjibar nan sid peyi a, 15 moun mouri plis pase yon semèn aprè plizyè santèn militant te pran kontwòl vil la.

Batay sa yo rive nan mitan apèl k ap ogmante pou mande prezidan Yemen nan, Ali Abdullah Saleh pou l aksepte yon akò lapè Konsèy Kowoperasyon Gòlf la prepare, akò ki ta mete fen nan 33 zan pouvwa li a.

Sekretè deta Hillary Clinton di jounalis yo nan Washington yon trazisyon tou suit t ap nan pi bon enterè pèp Yemenit la.

Chèf diplomasi amèrikèn nan note ke msye Saleh pa nan peyi a kounye a, l ap resevwa tretman medikal nan Arabi Saoudite akoz blesi li te resevwa pandan atak ki te fèt sou palè li a vandredi pase.

XS
SM
MD
LG