Accessibility links

Breaking News

Lachin ap Tann Avèk Enpatyans Arive Ane Lapen an


Lachin ap Tann Avèk Enpatyans Arive Ane Lapen an
Lachin ap Tann Avèk Enpatyans Arive Ane Lapen an

Plizyè milyon azyatik ap pare pou make kòmansman nouvo ane linè a k ap rive nan dat 3 Fevriye 2011

Sou tout teritwa chinwa a, pa ekzanp, plizyè milyon sitwayen deja kòmanse yon vwayaj manch long k ap mennen yo nan vil natal yo pou yo selebre nouvèl ane linè a ak manm fanmi yo.

Pi fò izin ak biwo fèmen pòt yo depi samdi 29 Janvye a pou yo pèmèt anplwaye pran tren ak otobis pou yo retounen lakay yo.

Pou kèk pami travayè sa yo, se sèl okazyon yo genyen pou yo vizite fanmi yo chak ane. Minis chemendfè chinwa a predi 230 milyon pasaje ap fè vwayaj la ane sa a, swa yon ogmantasyon 12,5% pa rapò ak ane 2010.

Kèk pami travayè yo ap mete tèt pou Hong Kong kote Ministè Tourism la envesti anviwon 2 milyon dola pou atire touris chinwa nan parad ki dewoule chak ane pou make arive nouvèl ane a.

Dapre almanak chinwa a, ane tou nèf kap kòmanse nan dat 3 fevriye kap vini la a, se Ane Lapen ki, daprè espesyalis nan kesyon previzyon, ap pote latroublay ak konfli nan rejyon azyatik la.

Taywann, Sengapou, Kore Disid ak Vyetnam se 4 lòt peyi kap selebre nouvèl ane linè a. Ogmantasyon pri pwodui premyè nesesite yo sou kontinan an ap gen move konsekans sou anbyans k ap make selebrasyon ane tou nèf sa a nan divès peyi azyatik.

XS
SM
MD
LG