Accessibility links

Breaking News

Larisi Anonse Rediksyon Fòs Militè li yo nan Siri


Pòtavyon Ris Admiral T Kuznetsov nan dlo entènasyonal yo nan nò Nòvèj, 17 oktòb 2016. Se yon avyon siveyans peyi Nòvèj ki te pran foto bato ris sa a.
Pòtavyon Ris Admiral T Kuznetsov nan dlo entènasyonal yo nan nò Nòvèj, 17 oktòb 2016. Se yon avyon siveyans peyi Nòvèj ki te pran foto bato ris sa a.

Larisi ap kòmanse redui resous militè li nan Siri dapre Chèf militè ris la, Valery Gerasimov.

Misye Gerasimov pale nan dat vandredi 6 janvye 2017 la kote li di, “Ann akò ak desizyon kòmandan an chèf lame ris la Vladimir Putin, Ministè Defans la ap kòmanse rediksyon deplwaman fòs ame yo nan Siri."

Chèf militè ris la fè konnen pòtavyon Amiral Kuznetsov ak bato ki akonpaye l yo pwale an premye.

Moskou se yon alye enpòtan pou Prezidan Siri a, Bashar al-Assad, nan gè sivil kap devaste peyi sa a.

XS
SM
MD
LG