Accessibility links

Breaking News

Larisi Lanse Yon Nouvo Ofansiv nan Lès Ikrèn


Tank ris yo sou yon wout tou pre vil Mariupol nan Ikren, 18 Avril 2022.
Tank ris yo sou yon wout tou pre vil Mariupol nan Ikren, 18 Avril 2022.

Larisi deklare madi li lanse yon ofansiv tou nèf pou l pran kontwòl pati lès Ikrèn. Afansiv sa a gen ladan l bonbadman ki vize objektif nan rejyon Donbas la. Sepandan Ikrèn, bò kote pa l, di l ap defann tèritwa sa a e li repouse kèk nan premye atak ris yo.

Minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrof, fè konnen “Yon lot faz operasyon an kòmanse kounyela a” epi objektif Moskou se ”liberasyon total” tèritwa Donetsk ak Luhansk nan pati oryantal la.

Gouvènè Luhansk la deklare vil Kreminna, nan lès Ikrèn, twouve l kounyela a sou kontwòl fòs militè ris yo, sa ki ka pèmèt Larisi avanse sou Kramatorsk, kapital rejyon Donbas la. Sepandan Ikrèn di li rive repouse 7 atak diferan ris yo te fè nan plizyè konba kote ikrenyen yo detrui 10 tank ak 18 machin blende. Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, pibliye lendi yon video kote li di:

“Kounyela a, nou kapab deklare ke fòs militè ris yo kòmanse batay pou Donbas la, yon batay yo t ap prepare depi lontan.”

Pandansetan, nan Washington, Prezidan Joe Biden te gen yon video-konferans madi avèk lidè peyi alye yo pou yo te diskite sou lagè a nan Ikrèn. Administrasyon l nan di l ap akselere livrezon zam yo nan Ikrèn -yon livrezon ki, daprè Washington, ap fèt ak yon vitès san parèy. Pòtpawòl Pentagòn nan, John Kirby, ki te pale ak laprès lendi, deklare Larisi ap deplase zam lou, l ap repozisyone avyon de gè ak ekipman pou elikoptè militè, pòs kòmand ak ekipman ki sipòte kontwòl” pou l kore efò lame li ap fè nan Donbas la.

XS
SM
MD
LG