Accessibility links

Breaking News

Putin Onore Yon Brigad Yo Akize Dèske li Komèt Abi nan Bucha


Prezidan Ris la Vladimir Putin pandan yon vizit nan Vostochny, nan es La Risi, Madi 12 Avril 2022.
Prezidan Ris la Vladimir Putin pandan yon vizit nan Vostochny, nan es La Risi, Madi 12 Avril 2022.

Prezidan Ris la te onore 64yèm brigad lame Ris kom "ewo" nan lagè a, ki se menm brigad Ikrèn te akize de krim de gè.

Otorite Ikrenyen yo te di ke Brigad sa te patisipe nan abi nan vil Bucha, ki toupre Kyèv.

Vladimir Putin te siyen, dapre Kremlin an, yon dekrè ki te akòde yo "tit onè + Gad +" pou "ewoyism ak tenasite, detèminasyon ak kouraj" yo.

XS
SM
MD
LG