Accessibility links

Breaking News

Larisi Kalifye de “Enkonpetan” Rapò Sèvis Entèlijans Ameriken an sou Dosye Zak Pirataj nan Eleksyon Novanm 2016 yo


Pòtpawòl gouvènman Larisi a, Dmitry Peskov.(FotoAP/Ivan Sekretarev)
Pòtpawòl gouvènman Larisi a, Dmitry Peskov.(FotoAP/Ivan Sekretarev)

Gouvènman Larisi a denonse sa l rele akizasyon ki pa kanpe sou anyen ak enkonpetans rapò sèvis entèlijans lan ki akize l kòmkwa li ta mele nan zafè eleksyon an pou l te ede Prezidan-eli a Donald Trump genyen eleksyon an.

Pòtpawòl gouvènman Larisi a, Dmitry Peskov di lendi 9 janvye 2017 la, “ Se yon bann akizasyon ki pa kanpe sou anyen, ki fèt yon fason ki pa pwofesyonèl ak yon nivo emosyonèl ki pa sanble ditou ak yon travay moun ki gen esperyans nan wo nivo sekirite.”

“ Nou koumanse bouke ak kalte akizasyon sa yo,” “ yo tounen yon kou kou woug dèyè moun ki wè bagay yo yon lòt jan.”

Se te premye fwa yon manm nan gouvènman Larisi a te fè komantè sou dosye sa a, depi lè Komite Sèvis Entèlijans Ameriken an te fè konnen vandredi 6 janvye 2017 pase a, li “ sèten” se Prezidan Larisi a menm Vladimir Putin ki te pase lòd pou esaye destabilize pwosesis elektoral demokratik prezidansyèl la isit Ozetazini.

XS
SM
MD
LG