Nan Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyonzini an, Larusi ak Lachin poze veto yo madi 4 obtòb 2011 la sou yon pwojè rezolisyon ki te prevwa sanksyon kont peyi Siri si lidè siryen an, Prezidan Bashar al-Assad, kontinye yon operasyon sere-boulon brital gouvènman n nan lanse kont militan opozisyon an kap pwoteste.
Lèzetazini ak peyi manm Inyon Ewòp la ki nan Konsèy la pat pran tan pou yo di kijan veto sa a ba yo pwoblèm. Chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l’ONU an, Anbasadris Susan Rice, fè konnen peyi ki poze veto yo sou pwojè-rezolisyon an ta pi renmen vann zam ak rejim siryen an; daprè li, veto Larisi ak Lachin nan pa fè Washington plezi ditou.
Madam Rice deklare:
“ Kite m pale klè pou m di Lèzetazini panse li lè li tan depi lontan deja pou Konsèy sa a pran responsablite li e enpoze sanksyon sible ki di, enpoze tou yon anbago zam sou rejim Assad la, menm jan nou fè sa sou plan sivil la. An tou ka, jounen jodiya pèp siryen-an --yon pèp ki chaje kouraj-- kapab wè ki peyi nan Konsèy la ki apiye volonte li genyen pou l jwi libète ak dwa zimen inivèsèl yo, e ki peyi ki pa apiye volonte sa a.”
Se Lafrans, Lalmay, La Grand Bretay ak Pòtigal ki te prepare pwojè-rezolisyon an. Anbasadè ris la nan Konsèy Sekirite a, Vitaly Churkin, di apwòch peyi ewopeyen sa yo se pa yon apwòch ki ka debouche sou yon solisyon pasifik kriz ki pete nan Siri a.
Anbasadè Churkin fè konnen:
“Pwojè-rezolisyon nou rejte jodiya te baze sou yon filozofi ki difisil, yon filozofi konfwontasyon. Nou pa kapab aksepte akizasyon inilateral yo lanse kont gouvènman an nan Damas.”
Peyi ewopeyen ki te prepare pwojè-rezolisyon an te pase men ladan n 3 fwa pou yo te eseye evite veto a. Dènye vèsyon an te resevwa 9 vwa pou, ak 4 abstansyon (sètadi 4 peyi pat vote nan yon sans oubyen nan yon lòt): se Liban, Afrik di Sid, Brezil avèk Lend. Sekurite-a poze veto-yo sou pwojè-rezolusyon: an palan de Lachinn ak Larusi.