Lapolis nan Chili fe konnen yo kraze yon rezo ki te voye plis pase 1,000 migran - pami yo timoun piti - Ozetazuni.
Yo akize gwoup sa a tou deske li ede moun antre Chili ilegalman. Lapolis fe konnen malgre pi fo arestasyon yo fet - nan rejyon no peyi a, yo jwenn 57 kolonbyen ak yon migran Venezuelyen ki te fek debake soti Pewou.
Yo di se yon Ayisyen ki chef rezo sa a ki gen ladann moun Pewou, Paragwe, Venezyela ak Chili.
Giordano Lanzarini, chef brigad polis metwopoliten Chili di anket la tanmen apre yon plent Sevis Sosyal Nasyonal pou Mine yo fe pou di li sispek yap kidnape timoun - gason ak fi - ki gen mwenske 5 an. Pi ta yo te jwenn tout timoun yo te Ayisyen ki tap chache antre Ozetazuni pa wout. Kek nan timoun yo te gen 2 paran avek yo, lot te gen yon sel.
"Yo te suiv yon wout migrasyon nou konsidere pami pi danjre nan mond la - pou'm pa di se li ki pi danjre vre- e anpil nan yo te fe wout la poukont yo," Misye Lanzarini deklare.
Misye Lanzarini di yo pa gen yon chif presi yo ka bay sou ki kantite migran egzakteman ki antre Chili, men yo estime ke se ant 50 ak 60 moun pa jou. Misye ajoute ke arestasyon yo se rezilta yon operasyon konjwen ak Interpol.
Facebook Forum