Accessibility links

Breaking News

Lapolis Atlanta Arete Aktris Tiffany Haddish Pakse li Tap Kondwi Sou


Foto Achiv: Aktris Tiffany Haddish poze pou yon foto nan Los Angeles.
Foto Achiv: Aktris Tiffany Haddish poze pou yon foto nan Los Angeles.

Lapolis arete aktris Amerikèn Tiffany Haddish Vandredi e yo akize'l dèkse li tap kondui sou.

Lapolis vil Peachtree arete aktris ak komedyen nan apre yo resevwa yon apèl a 2 zè edmi di maten kote yon moun te di gen yon chofè ki pran domi pandan lap kondwi sou otowout la. Se sa Chèf Lapolis adjwen Matt Myers fe konnen nan yon not de près. Yon polisye te we machin ke moun ki rele a te dekri e li te mande madan Haddish pou'l rete machinn nan e al pake nan lakou yon kay.

Madan Haddish peye yon kosyon 1,666 dola pou liberasyon ni nan gad a vi awondisman Fayette la, dapre polisye Myers. Li pa di kile aktris la va gen pou'l konparèt devan tribinal.

Madan Haddish poko fe komantè sou ensidan an e li pa repon deman Associated Press voye ba li pa email.

Pami pwogram popilè li jwe yo genyen film Girls Trip, The Kitchen, Night School epi Like A Boss.

Li ekri yon liv ki rele The Last Black Unicorn tou ki sou lis liv pi popilè jounal New York Times la.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG