Accessibility links

Breaking News

Lapli pa Gate Aktivite Pak Lamezonblanch Oganize pou Timoun yo


Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden epi Lapen Pak yo sou balkon Lamezonblanch pandan yon aktivite Pak, Lendi 18 Avril 2022 nan Washington.
Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden epi Lapen Pak yo sou balkon Lamezonblanch pandan yon aktivite Pak, Lendi 18 Avril 2022 nan Washington.

Se anba lapli Prezidan Biden ak Premye Dam Jill Biden te akeyi 30 mil timoun ak paran yo pou yon drsd aktivite kote yo woule ze pak sou gazon Lamezonblanch la.

Premye Dam nan fe gazon Sid la tounen yon kominote ekolye kote timoun yo te chita ak prezidan an pou tande istwa.

Vedet televizyon Jimmy Fallon te li liv pou timoun ni an ki rele "Nana Loves You More" (mèmè renmen'w plis).

Met sou konpetisyon woule ze a, ak li istwa - te gen yon konpetisyon talan, yon kote pou aprann kijan pou kiltive plant, yon kote pou fè foto, yon kous obstak ak yon "kafetoriyom" kote timoun yo te aprann fè bonbon.

Pandemi COVID-19 la te lakoz Lamezonblanch te sètoblije anile aktivite Pak la an 2020 ak 2021. Men aktivite a reprann konplètman ane sa a paske ka enfeksyon ak lanmo kowonaviris yo bese anpil.

Plis pase 2 douèn pèsonaj popilè nan ti komik tankou Doktè Seuss, Prezidan Ameriken yo, Rosita ak Cookie Monster - ki popilè ak fanatik Sesame Street yo - epi Snoopy ak Charlie Brown - pou site sa yo sèlman.

Aktivite a tanmen a 7 hè di maten e lap fèt nan 5 etap kote timoun yo abiye byen chik pou vinn amize yo nan Lamezonblanch.

XS
SM
MD
LG