Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Jounen Entl' Lang Kreyòl yo nan Pòtoprens ak Washington, D.C.


Selebrasyon lang ak kilti kreyòl nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: Matiado Vilme).
Selebrasyon lang ak kilti kreyòl nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: Matiado Vilme).

Pou sa ki konsène Ayiti, depi plizyè ane deja gen kèk sant kiltirèl ak òganizasyon k ap travay sou edikasyon popilè ak idantite nasyonal, ki pale tou de "Mwa Lang ak Kilti Kreyòl" e non de "Jounen Lang Kreyòl"...

Jedi 28 oktòb 2021 an se Jounen Entènasyal Lang Kreyòl yo, dapre yon rezolisyon Ajans Nasyon Zini pou Edikasyon, Lasyans ak Kilti (UNESCO) te adopte an 1983. Pou sa ki konsène Ayiti, depi plizyè ane deja gen kèk sant kiltirèl ak òganizasyon k ap travay sou edikasyon popilè ak idantite nasyonal, ki pale tou de "mwa lang ak kilti kreyòl" e non pa sèlman de "Jounen Lang Kreyòl"... si byen ke jounen jodi a Depatman Edikasyon Nasyonal la an Ayiti rekonèt ofisyèlman nosyon selebrasyon sa ki rele "Mwa Lang ak Kilti Kreyòl".

Nan okazyon 38èm Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl yo, nou envite w koute: 1.- Madam Lourna Gourgue, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) ki pale de jan akademi an selebre jounen an ane sa a. (Klike sou video pi ba a);

Madam Lourna Gourgue, manm Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA).
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:58 0:00

2.- Dr. Fred Williams, prezidan Komite pou Avansman Lang Kreyòl la (KOMALAK), ki baze nan zòn metwopolitèn Washington nan. Misye Williams prezante nou istorik jounen an avèk yon aksan sou jan KOMALAK ap selebre okazyon an pou edisyon 2021 an. (Klike sou anrejistreman odyo ki anba a).

Dr. Fred Williams sou Jounen Entl' Lang Kreyòl la nan Washington, D.C.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:51 0:00


XS
SM
MD
LG