Accessibility links

Breaking News

Lame Siryèn Kontinye Yon Operasyon Sereboulon Kont Sivil yo


Sòlda siryen atake manifestan ki pa dakò ak rejim Prezidan Bashar al-Assad la byen ta mèkredi 3 out la nan kapital la, Damas
Sòlda siryen atake manifestan ki pa dakò ak rejim Prezidan Bashar al-Assad la byen ta mèkredi 3 out la nan kapital la, Damas

Gwoup k ap defann dwamoun fè konnen fòs zame peyi Siri touye 4 manifestan pou pi piti aprè priyè ki fèt nan nuit la; konsa lame siryèn ap kontinye yon operasyon sereboulon ki jwenn kondanasyon Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyonzini an.

Daprè militan dwamoun yo, sòlda siryen atake manifestan ki pa dakò ak rejim Prezidan Bashar al-Assad la byen ta mèkredi 3 out la nan kapital la, Damas; yo fè menm bagay la nan vil Palmyra ki nan mitan peyi a.

Konsèy Sekirite l’ONU an vote mèkredi pou l kondane gouvènman siryen an pou seri atak l ap lanse sou sivil yo e pou vyolasyon dwamoun l ap komèt tribò-pabò.

XS
SM
MD
LG