Akize yo ki se ansyen manm patwouy brigad vijilans sivil, yo nan jijman kap dewoule nan konferans video, etan nan prizon Mariscal Zavala kote yo fèmen.
Soti an 1960 pou rive an 1995, jent militè ki te sou pouvwa a te nan batay ak divès gwoup rebèl gochis ki te gen sipò pèp endijèn Maya yo. Konfli a te rive nan bout li lè 2 kan yo, anba lobedyans l-ONU, te siyen yon akò lapè an 1996 pou yo sispann goumen ki te lakoz yon afè 200,000 moun pèdi lavi yo oubyen disparèt.
Ensidan ke tribinal ap ekzaminen yo ta dewoule ant 1981 ak 1985 nan komin Rabina, o nò kapital Gwatemala a, ki te sibi anpil nan konfli a kote anketè devwale yon fòs komin ki gen 3-mil viktim.
Tribinal te koumanse travay sou ka a lè 11 fanm te pote plent nan lajistis pou vyòl yo te sibi, epi lòt viktim te vin pote ka yo tou. Tribinal la pwal pase anrejistreman plizyè fanm san revele idantite yo.