Accessibility links

Breaking News

Lafrans Di Analiz Li fè Montre Fòs Lame Siri a te Itilize Gaz Sarin Kont Rebèl yo


Viktim atak zam pwodui chimik yo ki kouche atè nan Khan Sheikhoun, pwovens nò nan Idlib, peyi Siri, 4 avril, 2017.
Viktim atak zam pwodui chimik yo ki kouche atè nan Khan Sheikhoun, pwovens nò nan Idlib, peyi Siri, 4 avril, 2017.

Lafrans fè konnen analiz ke li fè sou atak chimik 4 Avril 2017 pase a nan nò peyi Siri montre gouvènman Bashar al-Assad la responsab pou izaj gaz sarin kont sitwayen sivil yo.

Atak la ki te fèt sou moun nan katye opozisyon an nan bouk Khan Sheikhoun te touye plis pase 80 moun. Kòm revanj, Etazini te tire misil sou yon baz aeryen nan Siri.

Rapò a fè konnen tou pa gen enfòmasyon kòmkwa gwoup Eta Islamik la ak lòt militan yo ta posede sarin, e ke teyori kòmkwa se konbatan rebèl yo ki ta lanse atak la, yo pa merite konfyans.

Bò kote pal, Pezidan siryen an, Bashar al-Assad, rejte akizasyon ki fè kwè lame li a ta responsab atak chimik la. Mesye Assad fè konnen ensidan Ajans France Presse rapòte a se yon "fabrikasyon" pou jistifye frap militè Etazini an.

XS
SM
MD
LG