Accessibility links

Breaking News

Nouvo Prezidan Fransè a, Emmanuel Macron, Chwazi Edouard Philippe Kòm Premye Minis li


Premye minis dezinye Lafrans la, Edouard Philippe (adwat) kap salye premye minis sòtan an, Bernard Cazeneuve (agoch) pandan yon seremoni pasasyon pouvwa nan Hotel Matignon, Pari, Frans, 15 me, 2017.
Premye minis dezinye Lafrans la, Edouard Philippe (adwat) kap salye premye minis sòtan an, Bernard Cazeneuve (agoch) pandan yon seremoni pasasyon pouvwa nan Hotel Matignon, Pari, Frans, 15 me, 2017.

Nouvo Prezidan franse a Emmanuel Macron nonmen Edouard Philippe ki nan pozisyon sant-dwat kòm premye minis li.

Mesye Philippe, ki gen 46 lane, se yon palmantè e se majistra vil Le Havre. Li soti nan zèl modere pati Repibliken an. Nominasyon li a fèt yon jou apre Mesye Macron te pran pouvwa a kòm prezidan nan seremoni prestasyon sèman djak sou djak nan Pari.

Elektè yo an nan peyi Lafrans te bay Emmanuel Macron plis pase 65 pou 100 vwa yo. Alòske rival li, Marine Le Pen te resevwa 34 pousan vwa sèlman nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule dimanch 7 me 2017 la.

Mesye Macron, ki te antre nan kous prezidansyèl la kòm yon kandida endepandan, gen 39 lane e se pi jèn prezidan nan listwa peyi Lafrans.

XS
SM
MD
LG