Accessibility links

Breaking News

Lafrans Klase Atak sou Polisye Devan Katedral la nan Pari Kòm yon Zak Teworis


Minis enteryè Lafrans la, Gerard Collomb, pandan li tap pale ak laprès apre yon endividi te atake yon polisye ak yon mato devan Katedral Notre Dame la nan Paris. 6 jen 2017
Minis enteryè Lafrans la, Gerard Collomb, pandan li tap pale ak laprès apre yon endividi te atake yon polisye ak yon mato devan Katedral Notre Dame la nan Paris. 6 jen 2017

Yon pòtpawòl gouvènman franse a fè konnen eleman ki te atake ajan lapolis nan vil Pari ak mato nan katedral Notre Dame nan te yon etidyan ki tap travay sou tèz doktora li e ke yo pat janm sispèk li kòm moun ki ta adopte tandans radikal.

Christopher Castaner deklare nan yon entèvyou sou radio RTL ke lapolis klase atak la kòm yon zak teworis akoz pawòl ki te soti nan bouch mesye a.

Minis Enteryè fransè a, Gerard Collomb, fè konnen apre atak la, eleman an te deklare fidelite li ak gwoup teworis Eta Islamik la e ke li te di: “Sa se pou Siri.” Minis la fè konnen asayan an te gen kat idantifikasyon kòmkwa li te yon etidyan ki te soti nan peyi Aljeri.

Biwo komisè gouvènman an nan jiridiksyon kote atak la fèt la, te anonse yon ankèt sou ensidan an, ki rive nan moman yon gwoup polisye tap fè patwouy sou yon esplanad ki an fas katedral la. Notre Dame de Paris se yon sit touritik ki akeyi anpil etranje.

Biwo polis Pari a fè konnen yon polisye te ouvè kout zam sou atakan an lè li te fonse sou polisye ak yon mato nan men l. Dapre sa minis Collomb di laprès, atakan an kouche lopital e li nan yon kondisyon stab pou le moman.

XS
SM
MD
LG