Accessibility links

Breaking News

Pwotestasyon Lachin kont Pwochen Somè sou Demokrasi Biden nan


Biden US China
Biden US China

Lachin ak Lèzetazini antre nan yon konfwontasyon akoz yon somè sou demokrasi Prezidan Biden pral òganize jedi 9 desanm 2021 an, yon somè pati kominis chinwa ki sou pouvwa a konsidere kòm yon defi pou rejim gwo ponyèt li a.

Pati a fè konnen Lachin gen pwòp fòm demokrasi pa li e gouvènmanan te pibliye samdi pase yon rapò ki gen pou tit " Lachin: Yon Demokrasi k ap Mache Kòmsadwa." Atik la te parèt 5 jou anvan somè virtyèl 2 jou a kòmanse ak patisipasyon anviwon 110 peyi. Jedi pase Lamezon Blanch te rejte kritik Lachin lanse kont administrasyon Biden nan akoz Somè pou Demokrasi a, apre yon responsab chinwa te di, dimanch 5 desanm nan, somè sa a pral kreye divizyon nan kèk peyi tandiske li pral fè moun kritke kèk lòt.

Pòtpawòl Lamezon Blanch la, Jen Psaki, fè konnen patisipan yo pral diskite sou fason yo ta ka travay ansanm pou defann demokrasi sou planèt la. Madam Psaki deklare: "Nou pa p fè anyen ki ta mande pou n prezante ekskiz apre sa."

Madam Psaki t ap reyaji sou deklarasyon vis-minis afè etranjè chinwa a, Le Yucheng, te fè pandan ouvèti yon fowòm kote espesyalis yo t ap diskite sou dosye a -yon somè Peken te òganize pou jounalis etranje k ap fonksyone andedan Lachin ak sila yo ki akredite nan kapital la, Peken. Mesye Le te deklare -san l pa t site non Etazini direkteman. "Yo fè konprann ke y ap fe sa pou demokrsi; anfèt sa pa ale nan menm sans ak demokrasi, sa pa pral fe ansyen pou solidarite mondyal, pou kowoperasyon ak devlopman.

Lidè ameriken an chwazi 2 pwen sa yo kòm cheval batay prezidans li:. Mesye Biden presize yon demokrasi dwe fe pèp la jwenn sa l bezwen.

Etazini pa envite ni Larisi ni Lachin nan Somè sou Demokrasi a. Pati kominis chinwa a reponn pou;l di sistem pa li a se yon sistèm k ap sèvi pèp chinwa a, kote li atire atansyon sou devlopman rapid klas mwayèn nan, mete ak siksè li ranpòte gras ak limit li mete sou kantite moun k ap mouri laka yo anba maladi kOVID-19 la.

Responsab chinwa yo toujou sou lakinn ki egziste nan demokrasi ameriken-nan soti sou zak vyolans moun ak zam ap komet pou rive pou rive sou zak revolt kit e eklate nan Palman Etazini-an apre dernye eleksyon prezidansyel kit e dewoule nan peyi-a.

XS
SM
MD
LG