Accessibility links

Breaking News

Lachin Ranfòse Sistèm Defans li sou Zile Atifisyèl Ki an Diskisyon yo


Yon imaj satelit ki montre sistèm defans peyi Lachin mete sou zile atifisyèl Subi Reef nan sid lanmè peyi Lachin. Foto koutwazi CSIS Asia Maritime Transparency via REUTERS. 13 desanm 2016.
Yon imaj satelit ki montre sistèm defans peyi Lachin mete sou zile atifisyèl Subi Reef nan sid lanmè peyi Lachin. Foto koutwazi CSIS Asia Maritime Transparency via REUTERS. 13 desanm 2016.

Lame peyi Lachin ap bati yon pòt-avyon ak yon sistèm defans anti-misil sou zile atifisyèl ke li te konstwi nan Lanmè Sid-Lachin, nan sa ki kapab yon preparasyon pou l deplwaye avyon konba nan teritwa ki an diskisyon an, dapre yon òganizasyon rechèch ameriken.

Direktè Inisyativ Transparans Maritim Azi a (AMTI) Gregory Poling di Lavwadlamerik, "Pwomès Prezidan Xi te fè Prezidan Obama, ane pase, pou l pa mete zam sou zile sa yo, te fèt twò bonè."

China reef
China reef

"Pandan moun pa ka konsidere yon amelyorasyon kòm yon ofansiv, sistèm sa yo ta vyole pwomès ke Msye Xi te fè nan Mezon Blanch,” dapre Pwofesè Inivèsite Georgetown Dennis Wilder, yon ansyen direktè wo-plase pou afè Azi nan Konsèy Sekirite Nasyonal.

XS
SM
MD
LG