Accessibility links

Breaking News

Nan Peyi Lachin, Otorite yo Pa Manifeste Volonte pou pou Bay Lalwa Plis Jarèt


Yon dam kap kouri bisiklèt li, yon machin polis kap pase tou pre li, ak yon tablo ki gen enfòmasyon anfavè gouvènman Chinya a asavwa "Lachin se yon Peyi Lalwa" Peken, mèkredi 28 desanm 2016.
Yon dam kap kouri bisiklèt li, yon machin polis kap pase tou pre li, ak yon tablo ki gen enfòmasyon anfavè gouvènman Chinya a asavwa "Lachin se yon Peyi Lalwa" Peken, mèkredi 28 desanm 2016.

Pandan ane 2016 la pwal rive nan bout li, anpil moun nan peyi Lachiin santi gouvènman an rate yon gwo opòtinite pou l fè vanse rèy lalwa, lè yo gade jan li jere ka Lei Yang, yon ka ki soulve gwo pawòl anpil, an palan de yon enjenyè anviwònman ki gen 29 lane, ki mouri anba men lapolis ane sa a.

Nan koumansman mwa Desanm nan, te gen anpil espwa ke gen pwogrè ki ka fèt, lè kèk avoka gouvènman an te mande pou 5 ofisye ki te swadizan enplike nan lanmò Lei prezante devan lajistis. Sa te soulve anpil deba sou britalite lapolis. Men depi lè lapolis te pran Lei Yang nan koumansman mwa me pase nan yon bòdèl, gen kontwòl estrik pou moun pa diskite ka a an piblik.

XS
SM
MD
LG