Nan Lachin gouvènman an pase lòd pou ministè afè etranjè a fèmen konsila ameriken ki nan vil Chengdou kòm yon repons kifkif pou dezisyon Lèzetazini pran pou l fèmen konsila chinwa a nan vil Houston, Eta Tegzas, pa pi ta ke nan jounen vandredi 24 jiye 2020 an. An menm tan tou laprès chinwaz ap lanse apèl pou l fòse gouvènman an ale pi lwen toujou avèk yon desizyon pou Lezetazini fèmen konsila li a nan Hong Kong.
Tansyon an ap monte konsa ant 2 peyi yo nan moman prezidan ameriken an, Donald Trump, fe konprann li ka mande pou Lachin fèmen plis toujou nan konsila li genyen Ozetazini yo. 2 analis ki pale avèk Lavwadlamerik fè konnen, si Washington ak Peken kontinye jwe jwèt fèmen konsila sa a, relasyon ant 2 peyi yo pral kontinye deteryore e li posib pou sitiyasyon an vin pi grav toujou…