Accessibility links

Breaking News

La Risi Dwe Chwazi ant Dyalòg ak Konsekans, Blinken di VOA


Blinken di VOA li Espere La Risi va Chwazi Diplomasi Olye Konsekans pa Rapò ak Ikrèn
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:53 0:00

Blinken di VOA li Espere La Risi va Chwazi Diplomasi Olye Konsekans pa Rapò ak Ikrèn

Sekretè d'Eta Ameriken Antony Blinken te pale ak Vwadlamerik nan vil Kyèv Mèkredi.

Nan entèvyou a, Sekretè d'Eta Ameriken Antony Blinken te pale de diskisyon li ak lidè Ikrenyen yo ak jefò pou evite yon envazyon Ris nan Ikrèn.

Sekretè Blinken LaRisi taka anvayi Ikrèn nempot kilè. Eske Etazini pare?

BLINKEN: "Eben premyèman, nou ofri la Risi yon chwa ki klè. Se yon chwa ant dyalòg ak demokrasi sou yon bò, epi konfrontasyon ak konsekans sou lòt bò a. E nou fèk sot patisipe nan yon seri konvèsasyon diplomatik entans ak Ris yo - dirèkteman ak pa l'entèmedyè dyalòg estratejik pou stabilite l'OTAN an. ak konsèy Ris L'OTAN nan Oganizasyon Sekirite ak koperasyon ann Ewòp. Mwen kontinye espere la Risi pral pousuiv chimen diplomatik la. Se sa nou ta prefere.

Kanta pou kisa Etazini pare pou fè si la Risi chwazi agresyon, men sa Blinken reponn.

BLINKEN: "Eben pou reponn kesyon ou, nou fè la Risi konprann klèman ke si li chwazi pou'l renouvle agresyon li vizavi Ikrèn, nou - e pa sèlman noumenm, Etazini men anpil peyi toupatou ann Ewòp e menm pi lwen pral reponn ak fòs - apwòch nou gen 3 aspè. Premyèman nap travay ak tout entansite pou'n kolabore sou sanksyon ki kouvri anpil domèn - finansye, ekonomik, kontwòl sou pwodwi Ris ap ekspòte ak lot domen ankò."

Nou mande Sekretè d'Eta a elabore sou sanksyon sa yo.

BLINKEN: Mwen pap di'w kisa egzakteman nou anvizaje kom sanksyon men nap travay sere-sere ak alye nou yo ann Ewòp epi patnè nou yo. Yon dezyèm konsekans ta sètènman ke plis asistans, nan domèn defans la - asistans militè tap rive jwenn Ikrèn. Twazyèm bagay la sè ke l'OTAN pral oblije ranfòse pwop sistèm defans pa li nan rejyon ès la. Ou konnen sak pi etonan an se ke Prezidan Putin nan ane 2014 te presipite tout sa li deklare li ta renmen anpeche - paske antròt LOTAN te oblije ranfòse defans li apre la Risi te anvayi Ikrèn, sezi Krime, apre tout bagay sa yo te fèt. Donk nou di klèman ki konsekans kap genyen pou la Risi, men tou, nou souliyen ke nou ta pito pou'l chwazi rezoud diferans yo atravè diplomasi. Donk nap tann pou wè ki chimen Prezidan Putin pral deside pran."

Sekretè Blinken te reponn kestyon kòlèg nou, Myroslava Gongadze, chèf biwo Ewop de l'Es Vwadlametik la maten an.

XS
SM
MD
LG