Accessibility links

Breaking News

La Risi Bloke Rezolisyon LONU Pou Kondane Envazyon Ikrèn nan

Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Reprezantan Konsey Sekirite Nasyonzini vote sou yon rezolisyon ki anvizaje kondane La Risi pou envazyon Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.

La Risi bloke yon tantativ Konsey Sekirite Nasyonzini fè Vandredi pou kondane l epi frennen envazyon ni nan Ikrèn. Sepandan plizyè peyi di yo pral chache egzije La Risi pran responsabilite epi mande tout manm Asanble Jeneral LONU vote sou sa.

"Te'm di nou klèman: Vote wi si nou kwè nou dwe defann Chat LONU an. Vote wi si ou apiye Ikrèn - oubyen nempot ki peyi - nan dwa li genyen pou'l granmoun tèt li epi prezève entegrite teritoryal li. Vote wi si ou kwè La Risi ta dwe pran responsabilite pou zak li poze a," Anbasadè Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield di konsèy la. "Vote non, oubyen pa vote si ou pa respekte chat la, e aliyen tèt ou ak zak agresiv La Risi poze san pwovokasyon. Menm jan La Risi te gen yon chwa, ou gen yon chwa tou."

Anbasade Etazini nan Nasyonzini Linda Thomas-Greenfield pale pandan yon rakont Konsey Sekirite Nasyonzini an sou yon rezolisyon ki gen rapo ak aksyon La Risi nan Ikren, nan katye jeneral LONU nan Nouyok, 25 Fevriye 2022.

Teks resolisyon an, ke Etazini ak Albani ekri, jwenn apwi 11 sou 15 manm konsèy la. La Chin, End, ak Emira Arab Ini absteni (yo pa vote). Yon rezolisyon bezwen 9 vot an favè san veto pou'l pase.

Anbasadè Novèj la poze kestyon pou konnen si anbasadè Ris la te gen dwa vote ditou.

"Veto agresè a minnen objektif konsèy la. Se yon vyolasyon fondasyon Chat LONU an," Mona Juul deklare. "Met sou sa, nan lestri chat la, La Risi, antanke patisipan, te dwe absteni vote sou rezolisyon sa a."

Anbasade Ris nan LONU, Vasily Nebenzya vote sel vot kont rezolisyon Nasyonzini pou kondane agresyon La Risi nan Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.
Anbasade Ris nan LONU, Vasily Nebenzya vote sel vot kont rezolisyon Nasyonzini pou kondane agresyon La Risi nan Ikren nan, Vandredi 25 Fevriye 2022.

Anvwaye Ris la, Vassily Nebenzia, ki se prezidan konsèy la mwa sa a, te prezide rankont la kote pi fo peyi yo te kondane gouvènman li an. Li te obije li tou, non plizyè douzèn peyi ki te apiye mezi pou pini Moskou.

Nan fen rankont la, plis pase 80 peyi te gen non yo sou lis sa a.

Nebenzia voye jete pwojè rezolisyon an kom non sèlman "anti-Ris" men tou anti-Ikrenyen, paske dapre li, li ale kont enterè pèp Ikrènyen an.

"Rezolisyon ki vote jodia - pwojè rezolisyon pa w la - pa anyen eksepte yon lot mezi brital, inimen nan jwèt echèk Ikrenyen sa a," li deklare.

Misye demanti Moskou ap fè lagè ak pèp Ikrenyen an. Li di pito se yon "operasyon espesyal" yap mennen kont nasyonalis yo pou pwoteje sitwayen nan ès Ikrèn.

"Nou pral akonpli objektif sa yo talè, e pèp Ikrenyen an pral re-jwenn opotinite anko pou yo detèmine avni yo poukont yo," li ajoute.

Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer, ekri vesyon orijinal nouvel sa a

XS
SM
MD
LG