Accessibility links

Breaking News

La Risi Anvayi Ikrèn, Biden Akize Putin Dèske li 'Byen Planifye Lagè a'


Milite Ikrenyen yo chita abo yon machin blende kap transpote yo sou yon wout nan rejyon Donetsk la nan es Ikren, 24 Fevriye 2022.
Milite Ikrenyen yo chita abo yon machin blende kap transpote yo sou yon wout nan rejyon Donetsk la nan es Ikren, 24 Fevriye 2022.

Prezidan Ris la Vladimir Putin tanmen yon envazyon Ikrèn bonè Jedi maten nan pi gwo atak ki fèt ann Ewop depi fen Dezyèm Gè Mondyal la. Twoup Ris yo atake fos Ikrenyen yo nan rejyon ès peyi a ka La Risi reklame kom teritwa pa li, e li lanse misil sou plizyè vil, pami yo kapital la Kyèv.

GADE: Diskou Prezidan Biden sou Envazyon Ris nan Ikren


Putin deklare se yon "operasyon militè espesyal" ki vize "demilitarizasyon ak denazifikasyon" vwazen sid li a, ki te yon Repiblik Sovyetik men ki pran endepandans li depi ane 1991.

Nan yon diskou televize li fè anvan solèy la te leve nan Kremlen an, lidè Ris la avèti lot peyi pou yo pa vinn foure bouch yo nan koze a e li di yap fè fas ak "konsekans yo poko janm wè anvan" si yo fè sa.

Etazini ak alye Oksidantal li yo te kouri vit kondane envazyon an epi sèmante pou yo anonse mezi ekonomik sevè ki pral frape ekonomi Ris la pi ta Jedi.

Prezidan Joe Biden deklare envazyon Putin nan se yon "lagè premedite".

"Se La Risi poukont li ki responsab pou lanmo ak destriksyon atak sa a pral pote, e Lèzetazini ak alye li yo ak patnè li yo pral reponn yon fason inifye e desizif," Biden deklare yon ti tan apre atak la te komanse. "Le mond pral rann La Risi responsab."

Biden rankontre nan Lamezonblanch ak manm Konsèy Nasyonal Sekirite li a pou diskite sou atak Ris la ak kijan Etazini ta dwe reponn.

Lidè peyi Oksidantal yo di yo pa gen entansyon voye twoup nan ikrèn pou goumen ak Ris yo. Biden gen pou'l anonse yon nouvo seri sanksyon nan yon diskou a midi jodia, apre li finn konsilte lidè Ewopeyen yo.

Etazini ak alye li yo te deja enpoze yon premye tranch sanksyon Madi, yon jou apre PUtin te deklare rejyon ès ki rele Luhansk la ak Donetsk kom eta endepandan ki pa fè pati Ikrèn anko. Se mèman parèyman ak sa li te fè lè li te anvayi prèskil Krime Ikrèn nan, an 2014.

Sepandan premye sanksyon sa yo ak menas pou yo enpoze lot anko, pat anpeche Putin lanse yon atak tout bon nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG