Accessibility links

Breaking News

Operasyon Militè Nan rejyon Donbas nan Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/
UKRAINE-CRISIS/

Moun te tande eksplozyon nan kapital Ikrèn-nan Kyèv nan douvanjou maten an, yon ti tan apre Prezidan ris Vladimir Putin te fin anonse "operasyon militè" nan rejyon Donbas nan Ikrèn.

Putin te deklare nan yon diskou devan nasyon an vè 6 zè maten an, lè lokal, ke li te "pran desizyon yon operasyon militè" nan Ikrèn pou defann separatis-yo, kidonk Ris yo ki vle separe ak rès Ikrèn, nan lès peyi-a, dapre nouvèl ki parèt nan laprès.

Prezidan Etazini Joe Biden te deklare nan yon kominike mèkredi swa, "Priyè tout mond la rete ak pèp Ikrèn nan aswè a pandan y ap sibi yon atak fòs militè ris yo san pwovokasyon e san jistifikasyon. Se LaRisi ki responsab pou lanmò ak destriksyon ke atak sa a ap pote, e Etazini ak alye li ak patnè li yo ap reponn nan inite ak detèminasyon.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov di medya leta ris ke lidè yo nan rejyon ki pwoklame tèt yo Repiblik Popilè Donetsk ak Luhansk te mande Prezidan ris Vladimir Putin mèkredi pou ede yo konbat fòs Ikrèn yo.

Kirby pa vle di se LaRisi ki dèyè dènye atak ki te fèt sou entènèt la mèkredi, men li sèlman di ke atak konsa, yo "nan yon liv estrateji LaRisi." Kyèv lage sou Moskou responsablite pou atak sou entènèt yo, malgre LaRisi demanti ke li ta mele nan sa

XS
SM
MD
LG