Accessibility links

Breaking News

La NASA Lanse Fize Pi Pwisan li nan Direksyon Lalin 50 An Apre Misyon Apollo


Nouvo fize La NASA pou Lalin nan dekole depi Sant Spasyal Kennedy a nan Kap Kanaveral, Florid, 16 Nov. 2022.
Nouvo fize La NASA pou Lalin nan dekole depi Sant Spasyal Kennedy a nan Kap Kanaveral, Florid, 16 Nov. 2022.

Nouvo fize Lalin La NASA a (Ajans Spasyal Etazini) dekole pou premye fwa Mekredi ak 3 manken abò li.

Lansman an depi eta Florid se yon pa an avan pou Etazini vizavi objektif li genyen pou'l voye astwonòt re-pile teren Lalin nan 50 an apre pwogram spasyal Apollo a pran fen.

Si tout bagay byen pase, fize pral antre nan òrbit Lalin nan anvan li retounen sou planet te a - pi presizeman plonje nan Oseyan Pasifik la nan mwad Desanm nan.

La NASA espere voye 4 astwonòt nan orbit Lalin pandan pwochen misyon an, ki fikse pou 2024, epi fe kretyen vivan ateri sou Lalin nan kòmansman 2025.

XS
SM
MD
LG