Accessibility links

Breaking News

La NASA Kite Tonbe Lansman Nouvo Fize li nan Lalin Akoz yon Pwoblèm Motè


Fize Lalin la NASA a sou pis lansman an anvan soley la leve Lendi 29 Out, 2022 nan Cape Canaveral, Florid.
Fize Lalin la NASA a sou pis lansman an anvan soley la leve Lendi 29 Out, 2022 nan Cape Canaveral, Florid.

La NASA kite tonbe lansman nouvo fize li nan direksyon Lalin apre yon seri pwoblèm ki te vinn poze a la dènyè minit, pami yo pwoblèm motè - sanz esplikasyon.

Pwochen tantativ la pap fèt pazavan Vandredi pou pi bonè.

Fize a, ki mezire 322 pye de wotè te sipoze dekole maten an nan eta Florid, ak 3 manken abo premye vol li, ki se yon misyon pou voye yon navet nan orbit Lalin nan.

Lansman an, pral yon gwo pa ann avan pou Lèzetazini nan kad pwojè pou voye astronot sou Lalin pou premye fwa depi fen pwogram Apollo a sa gen 50 an desa.

La NASA espere voye 4 astwonot nan orbit Lalin an 2024 epi fè yon aterisaj sou Lalin nan komansman ane 2025.

XS
SM
MD
LG