Accessibility links

Breaking News

La Jistis Ameriken Akize yon Ajan Iranyen Dèske li tap Konplote pou Asasinen John Bolton


Foto Achiv: Ansyen Konseye Lamezonblanch pou kestyon Sekirite Nasyonal John Bolton.
Foto Achiv: Ansyen Konseye Lamezonblanch pou kestyon Sekirite Nasyonal John Bolton.

Depatman Jistis Etazini fè konnen li akize yon ajan Iranyen an koneksyon ak yon konplo pou asasinen ansyen konseye administrasyon Trump la sou kestyon sekirite nasyonal, John Bolton.

Otorite Ameriken yo idantifye sispèk la kom Shahram Pourfasi, ki se yon manm Gad Revolisyonè Iran an.

Yon foto FBI pibliye 10 Out 2022 nan Washington, montre mand d'are pou Shahram Poursafi.
Yon foto FBI pibliye 10 Out 2022 nan Washington, montre mand d'are pou Shahram Poursafi.

FBI ap chache misye an koneksyon ak konplo asasina a, ke Etazini kwè te revanj pou yon atak ayeryen li te lanse ki te touye yon jeneral ki te gen anpil pouvwa e ki te popilè anpil ann Iran.

Nan yon deklarasyon li pibliye Mèkredi, Bolton remèsye FBI ak Depatman Jistis la pou travay yo. Li di li paka di anpil bagay an piblik men ke lidè Iranyen yo se yon bann "mantè, teworis ak enmi Etazini."

XS
SM
MD
LG