Accessibility links

Breaking News

Bolton Admèt li te Planifye Tantativ Kou d'Eta nan peyi Etranje


Foto Achiv: Ansyen konseye sekirite nasyonal Etazini John Bolton.
Foto Achiv: Ansyen konseye sekirite nasyonal Etazini John Bolton.

John Bolton, yon ansyen anbasade Ameriken nan Nasyonzini ak ansyen konseye Lamezonblanch sou sekirite nasyonal deklare Madi li te ede planifye tantativ kou deta nan peyi etranje. Misye fe deklarasyon an nan yon entevyou ak chen televizyon CNN.

Li tap reponn akizasyon ki di kom kwa ansyen Prezidan Donald Trump tap pwomouvwa yon jefo ki gen plizye etap pou ranvese rezilta eleksyon 2020 an - pou'l te ka rete sou pouvwa a.

Le jounalis CNN nan poze'l kestyon sou akizasyon sa a, Bolton te sigjere ke 45em prezidan an pat konpetan ase pou'l egzekite "yon kou deta byen planifye."

li ajoute e nap site "antanke moun ki ede planifye kou d'eta - pa isit men ou konnen nan lot peyi - se yon bagay ki mande anpil travay. E se pa sa misye te fe.

Bolton te sevi kon konseye Trump sou kestyon sekirite nasyonal an 2019 le lide opozisyon Venezyelyen Juan Guaido te mande lame peyi a dechouke Prezidan Nicolas Maduro. Guaido te di rezilta eleksyon an pat lejitim.

Bolton te apiye Guaido.

"Mwen ka di'w gen anpil bagay kap pase ke nou pa we. Opozisyon an pran kontak tout tan ak yon paket amiral ak lot patizan nan gouvenman Maduro a. "

Sepandan lame Venezuela a kontinye apiye Maduro, e li toujou sou pouvwa a.

Le jounalisl Jake Tapper mande Bolton bay plis detay, li te derefize e malgre li pat mansyone Venezyela li te di "nou pat jwen sikse".

Anpil ekspe sou politik etranje konn kritike istwa Washington genyen pou'l foure bouch li nan zafe lot peyi.

Sepandan se yon bagay ki rar anpil pou yon responsab Ameriken admet ouvetman wol yo te jwe nan simen zizani nan peyi etranje.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters

XS
SM
MD
LG