Jodi 14 Jiyè a se yon jou ferye nan peyi La Frans kote yap selebre La Bastille, kidonk endepandans peyi a.
Selebrasyon yo te enkli avyon de gè ki tap sivole Paris, epi yon gwo parad.
La Frans deplwaye 130,000 polisye toupatou nan peyi a pou anpeche dezòd pete.
Ane sa a, selebrasyon pou make komansman Revolisyon Fransèz la, 14 Jiyè 1789, ap dewoule apre emeut pi grav ki janm fèt depi 20 an nan La Frans.
Dezòd te pete apre lapolis te tire e touye yon tinedjè ki se moun Afrik di Nò. Moun nan katye kote ensidan an rive ak plizyè lot vil an Frans te boule machin, ak komèt zak kraze brize pou montre kolè yo ak sa yo pèsevwa tankou inegalite ak diskriminasyon rasyal ki egziste nan peyi a.
Envite d'onè a ane sa a nan parad Bastille la se peyi End.