Accessibility links

Breaking News

Lachin Kritike Akò sou Dèt Lèzetazini an


Lachin, ki se peyi ki prete Lèzetazini pi gwo kantite lajan an, fè konnen li pa kontan menm-menm avèk akò ki pèmèt Lèzetazini leve planfon dèt nasyonal li a, menm jan Peken pa apresye ditou fason pati konsène yo rive jwenn akò sa a.

Yon ajans chinwaz ki la pou evalye kredi peyi ak konpayi epi ba yo bon ou move kanè daprè sa kredi yo merite, bay Lèzetazini yon kanè ki gen ladan n nòt ki pi piti pase sa li te genyen anvan; ajans la fè konnen akò a pa fè anyen ditou pou l rezoud vrè pwoblèm Lèzetazini ap konfronte yo.

Pandansetan, ajans nouvèl ofisyèl Lachin nan, Chin Nouvèl, pa tèlman gen bèl opinyon sou travay ki te debouche sou akò a; daprè Chin Nouvèl, akò sa a se: « yon plezantri ki fèt a la dènyè minit pou evite yon katastwòf.»

XS
SM
MD
LG