Accessibility links

Breaking News

La Chanm Apwouve Pwojè Lwa $2 Trilyon Prezidan Biden nan pou Pwogram Sosyal ak Anviwonnman an.


Lidè Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi, prezide yon vòt sou pwojè-lwa sou pwogram sosyal ak anviwonman Prezidan Biden nan, jedi 19 novanm 2021.
Lidè Chanm dè Reprezantan an, Nancy Pelosi, prezide yon vòt sou pwojè-lwa sou pwogram sosyal ak anviwonman Prezidan Biden nan, jedi 19 novanm 2021.

Vòt final la se 220 pou 213 kont; savledi tout Demokrat apiye rezolisyon an tandiske tout Repibliken yo vote kont li. Kounye a lejilasyon an prale devan Sena a kote sètenman palmantè yo pral pote kèk chanjman ladan l epi fe deba sou li. Senatè repibliken yo pa vle pou leta federal depanse anpil kòb.

Nan Washington D.C., Chanm dè Reprezantan an ede Prezidan Joe Biden ranpòte yon bèl viktwa nan jounen vandredi 19 novanm 2021 an. Yon majorite deoite yo vote pou apwouve yon gwo kokenn pwojè lwa ki prevwa depans pou 2 trilyon dola pou pwojè sosyal ak anviwonmantal.

Vòt la dewoule aprè Demokrat yo te rezoud yon mezantant ki te egziste depi plizyè mwa e ki koze gwo reta nan apwobasyon pwojè-lwa a.

Vòt final la se 220 pou 213 kont; savledi tout Demokrat apiye rezolisyon an tandiske tout Repibliken yo vote kont li. Kounye a lejilasyon an prale devan Sena a kote sètenman palmantè yo pral pote kèk chanjman ladan l epi fe deba sou li. Senatè repibliken yo pa vle pou leta federal depanse anpil kòb tandiske pwogresis yo, yo menm, vle fè chanjman nan plan depans administrasyon Biden nan.

Pou kounye a, Demokrat yo kontan deske yo ranpòte yon viktwa nan moman kote yo te kòmanse dekouraje akoz bès popilarite Prezidan Biden anrejistre epi Etazini ap fè fas ak anpil pwoblèm ekonomik.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG