Accessibility links

Breaking News

La Bank Mondyal Pral depanse 255 Milyon dola pou Rekonstriksyon Ayiti


255 milyon dola a pral sèvi pou ofri bous detid pou 100 mil timoun lekòl ki pral resevwa yon pla cho tou
255 milyon dola a pral sèvi pou ofri bous detid pou 100 mil timoun lekòl ki pral resevwa yon pla cho tou

La Bank Mondyal annonse li pral depanse nan peyi d Ayiti, nan ane k ap vini yo, 255 milyon dola pou ofri plizyè milye ayisyen kay, edikasyon ak manje, epi asiste peyi a nan domèn agrikilti a, ede l jere dezas, aprè tranblemanntè ki te fè gwo dega nan kòmansman ane 2010 la. Divès direktè bank la, ki t ap pale jedi premye desanm 2011 la, fè konnen dekesman fon lajan sa a deja jwenn apwobasyon komite administratif Bank Mondyal la e li pral sèvi pou ofri kay pou 22 mil 500 moun; anpil nan moun sa yo ap viv anba tant depi gwo soukous la te frape peyi a.

Se konsa tou, lajan an pral sèvi pou ofri bous detid pou 100 mil timoun lekòl ki pral resevwa yon pla cho tou. Nan kad menm pwojè èd sa a, Bank Mondyal pral ofri estaj ak fòmasyon pou pwofesè lekòl, an menm tan li pral travay pou amelyore enfrastrikti Ayiti epi kore pwodiksyon agrikòl peyi a.

Anons Bank Mondyal la rive nan moman prezidan ayisyen an, Michel Martelly, te fèk ko-prezide yon fowòm sou envestisman pou òmdafè etranje ki ta renmen envesti lajan yo ann Ayiti. Misye Martelly espere nouvo envestisman ta kapab kreye yon afè de 500 mil djòb nan peyi a nan 3 zan k ap vini la yo.

Mwa pase a, palman ayisyen an te vote pou l pat renouvle manda Komisyon Enterimè pou rekonstriksyon Ayiti a (CIRH), yon komisyon ki te la pou kowòdone asistans pou Ayiti aprè tranblemanntè janvye 2010 la. Nan tèt li te genyen ansyen prezidan ameriken, Bill Clinton, ki te pataje direksyon komisyon an avek Premye Minis ayisyen an. Kritik pa t sispann tonbe ann Ayiti pou di se etranje plis ki te gen lavwa o chapit lè komisyon an te gen pou l pran yon desizyon.

XS
SM
MD
LG