Ann Ayiti, plizyè santèn òm dafè etranje ak ayisyen ap patisipe nan yon fowòm sou evstisman k ap dire 2 jou – madi 29 ak mèkredi 30 novanm 2011 la.
Nan fowòm sa a –k ap dewoule sou patwonaj Clinton Foundation, Bank Entè-Ameriken Devlopman (BID) ak gouvènman ayisyen an-- patisipan yo pral chache idantifye posibilite pou yo envesti ak kreye travay nan peyi.
Pami diyitè ak pèsonalite ki pral pran lapawòl nan ouvèti rankont sa a, genyen Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, minis afè etranjè ayisyen an, Laurent Lamothe, ak prezidan BID la, Luis Alberto Moreno.
Nan okazyon an, plis pase 300 chèf antrepriz ak envestisè etranje ki sòti nan peyi Etazini, Brezil, Kanada, ann Ewòp ak nan peyi Kore di Sid ap rankontre avek plizyè santèn òm dafè ayisyen. Chita pale yo pral dewoule sou 3 tèm: Endistri Tekstil, Biznis agwo-alimantè avèk Tourism
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois.