Accessibility links

Breaking News

L' ONU Preokipe Devan Kriz Politik la ann Ayiti nan Moman Nouvèl Misyon li, BINUH, Ap Pran Fonksyon


Foto kas ble sòlda mentyend lapè Nasyon Zini
Foto kas ble sòlda mentyend lapè Nasyon Zini

Deklarasyon Pòtpawòl Sekretè Jeneral la fè pou anonse fen Misyon Mentyen Lapèa ann Ayiti ak kòmansman Operasyon BINUH.

Nan moman misyon mentyen lapè NasyonZini an an Ayiti rive nan fen li nan dat 15 oktòb la, Sekretè Jeneral la reafime NasyonZini kontinye pran angajman pou l apiyepèp ayisyen an sou wout lapè akdevlopman, gras ak yon nouvo patenarya.

Biwo Entegre Nasyon Zini ann Ayiti(BINUH), ki kòmanse operasyon li nan dat16 oktòb la, ak ekip peyi manm l’ONU ki tetoujou akonpaye Ayiti yo, pral kowòdoneaktivite yo pou yo apiye efò nasyonal yoyon fason pou pote yon estabilite dirab akreyalizasyon Ajanda pou Devlopman Dirab2030 an.

Sekretè-Jeneral la rekonèt kontribisyonMisyon Nasyon Zini pou Establizasyon Ayitia (MINUSTHA) avèk Misyon Nasyon Zinipou Apiye Jistis ann Ayiti a (MINUJUSTH) nan pwogrè peyi a fè nan direksyonestabilite a. Li eksprime pi gwo respè li poumemwa 188 sòlda, polisye ak manmpèsonèl sivil l’ONU ki pèdi lavi yo ann Ayitidepi 2014. Li fè konpliman tou poukontribisyon esansyèl patnè l’ONU ki travaynan domèn devlopman ak imanitè yo tepote nan reyalizasyon manda misyon sa yo.

Sekretè Jeneral la genyen gwo preokipasyon devan kriz politik aktyèl la akkonsekans negatif li sou sitiyasyon sekiritea e sou lavi Ayisyen yo. Li konseye tout Ayisyen konsène yo pou yo angaje yo nan yon veritab dyalòg e pou yo evite plisdeteryorasyon ki ta ka ogmante yon vyolans ki riske elimine establite ki dejatabli a. Li lanse apèl bay Polis Nasyonal d Ayiti, ki pran tout responsablite pou sekiriteak pwoteksypon pèp ayisyen an, epi, pandan PHN ap ranfòse pwogrè ki fèt grasak apui MINUSTAH ak MINUJUSTH pandan ane ki pase yo, pou li ranpli devwali yo avèk respè pou tout moun e poudwadelòm yo.

Pandan Sekretè Jeneral la kontinye apiyetout efò k ap fèt aktyèlman pou eliminekolera --yon efò ki reyalize bon jan pwogrè-- e pandan l ap apiye tou solisyon pou kaeksplwatasyon seksyèl ak abi yo, li repeteangajman innebranlab Nasyon Zini vizaviestabilite ak pwosperite Peyi d Ayiti.

Stephanie Dujarric, Pòtpawòl Sekretè-Jeneral la

New York, 17 oktòb 2019.

XS
SM
MD
LG