Accessibility links

Breaking News

Libi: Lidè Moammar Gadhafi Sèmante li Pral Kontinye Reziste


Lidè libyen an Moammar Gadhafi
Lidè libyen an Moammar Gadhafi

Minis Defans l’Otan yo, (Oganizasyon Trete Atlantik Nò-a) ap rankontre nan vil Brussèl (Belgique) pou evalye kanpay Alyans lan ap mennen nan peyi Libi a---yon jou apre avyon l’Otan te bonbade vil Tripoli nan pi gwo entèvansyon aviasyon kowalisyon an depi l te lanse kanpay militè li a nan mwa mas la kont lidè libyen an, Moammar Gadhafi.

Sekretè-Jeneral l’Otan an, Anders Fogh Rasmussen, di li konte diskite sou preparasyon k ap fèt pou yon Libi san Gadhafi ki, dapre misye Rasmussen, fè pati le pase.

Misye Gadhafi sèmante li pra l kontinye reziste. Li deklare nan yon mesaj anrejistre ak vwa li ki pase sou televizyon leta a “ke pèp libyen an pap janm bat-ba ni rann tèt li e l ap rete nan peyi li jouk mayi mi”.

Kèk moman apre, televizyon an pibliye imaj ki montre sa ki sanble yon rankont misye Gadhafi te genyen ak kèk “grandèt” ke yo rele saj nan rejyon Afrik Di Nò a.

Dènye fwa lidè libyen an te parèt nan televizyon se te nan fen mwa pase a.

XS
SM
MD
LG