Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Sipòte Transfè nan Ikrèn kèk Avwa ak Posesyon Larisi


Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la nan Washington, Mekredi 5 Janvye 2022.
Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la nan Washington, Mekredi 5 Janvye 2022.

Administrasyon Biden nan pare pou l mande Kongrè a fè kèk chanjman lejislatif ki kapab rann li pi fasil pou Depatman Jistis la sezi lajan ak pwopriyete oligak ris yo epi transfere yon pati nan kob la bay Ikren, dapre sa Minis Jistis Merrick Garland anonse madi. Garland pale konsa pandan li t ap fè depozisyon l devan Sou-Komisyon Atribisyon Bibjetè Sena a.

Pou kesyon ki mande l èske Depatman Jistis la bezwen plis otorite pou l ale dèyè oligak ris ki asosye ak Kremlen an, li reponn:

“Se avèk anpil atansyon nou analize e kontinye analize kesyon sa a; e m prevwa pral gen demand pou Kongrè a fè chanjman ki nesesè yo.”

Lajan, pwopriyete ak avwa asosye rich lidè ris la, Vladimir Putin, ke otorite ameriken yo sezi e ke Depatman Jistis la deklare “lajan konfikse”, ale nan yon fon espesyal depatman an rele “Fon Lajan Konfiske.” An jeneral, otorite yo itilize fon sa a pou finanse envestigasyon, rechèch sou lajan konfiske epi fè lòt depans.

Minis Garland di administrasyon an dispoze apiye lide pou lajan oligak ris yo, ke depatman l nan pral konfiske, ale jwenn Ikrèn dirèkteman.

XS
SM
MD
LG