Accessibility links

Breaking News

Lezetazini, Larisi Fe Echanj Prizonye Ki Te Gen yon Kondasyon Manch Long


Foto Achiv: Ex-merin Ameriken Trevor Reed, ke yo akize deske li te atake lapolis, kanpe nan yon gad a vi nan Moskou, 11 Mas 2020.
Foto Achiv: Ex-merin Ameriken Trevor Reed, ke yo akize deske li te atake lapolis, kanpe nan yon gad a vi nan Moskou, 11 Mas 2020.

Lezetazini ak Larisi twoke prizonye enpotan mekredi, menmsi gen gwo mezantant ant 2 peyi yo akoz envazyon Moskou fe nan Ikren nan nan fen mwa fevriye a.

Larisi libere Trevor Reed, yon ansyen manm ko merin nan kit e nanprizon nan Larisi depi 2019 apre otorite ris yo te di li tea take yon polisye pandan yo t ap arete l la, are yon nuit kote l te bwe anpil; apre sa yo te kondane l pou l pase 9 ane nan prizon. Fanmi Reed te toujou di li inosan.

Bo kote pa l, Lezetazini libere Konstantin Yaroshenko, yon pilot ris ki t ap pije yon pen 20 tan prizon nan Eta Konektikit, poutet lit efe konplo pou fe kokayin antre Ozetaini pa kontrebann. Yo te arete l nan peyi Liberya an 2010; ansuit yo te ekstrade li Ozetazini.

Menm si echanj prizonye konsa pa rive souvan, yon gwo otorite ameriken di se yon aksyonn diplomatik limite e ki te konsenen yon sel sije. Li ajoute: “Liberasyon Reed la pa reprezante yon chanjman, okenn chanman ditou, nan apwoch nou konsenan vyolans san parey k ap fet nan Ikren nan.”

XS
SM
MD
LG