Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Ogmante Dousman Limit sou Azil la, pandan l Ap Pare pou l Sispann Yo


Foto Achiv: Yon migran tann sou kote Meksiken frontye Meksik pataje ak Etazini apre ajan La Dwan ak Pwoteksyon Frontye yo te arete kek migran nan Tijuana, Meksik, 26 Janv. 2022.
Foto Achiv: Yon migran tann sou kote Meksiken frontye Meksik pataje ak Etazini apre ajan La Dwan ak Pwoteksyon Frontye yo te arete kek migran nan Tijuana, Meksik, 26 Janv. 2022.

Administrasyon Biden nan kòmanse ekspilse migran kiben ak nikaragweyen nan direksyon Meksik gras ak yonn règleman ki gen rapò ak pandemi e ki pèmèt otorite yo refize yon migran chans pou l fè demand azil Ozetazini; konsa yo elaji aplikasyon règleman an menm nan moman kote administrasyon an di piblikman l ap eseye elimine li.

Otorite ameriken yo te jwenn yon akò avèk Meksik pou yo ekspilse 100 kiben ak 20 nikaragweyen pa jou. Migran yo ap sòti nan vil sa yo: San Diego, El Paso, Rio Grande Valley, nan Tegzas, dapre yon ofisyel ameriken ki byen konnen dosye a.

Ekspilsyon yo te kòmanse 27 avril pase e yo pral pran fen 22 me, dapre sa ofisyel la di ajans nouvel The Associated Press a kondisyon pou non l pa site, paske akò a poko piblik. Dapre menm ofisyel la, Meksik pran an konsiderasyon lefèt ke gouvènman ameriken an rekòmanse ofri viza pou moun k ap viv Kiba. Meksik, li menm tou, rekòmanse bay viza pou Kiben yo.

XS
SM
MD
LG